Invite friends and family to read the obituary and add memories.
We'll notify you when service details or new memories are added.
You're now following this obituary
We'll email you when there are updates.
Please select what you would like included for printing:
apam Andre Jacques Abraham Antoine,
Abraham fet jou ki te 7 Junin 1939 nan Leogane , Manman te rele Altacia Adrien e Papa l te rele Lifaite Antoine depi tou piti li te konn travay latè e li te konn travay di anpil. Papam grandi avek fre li ak se li yo li te toujou yon defansè pou yo, li te toujou yon ekzanp po yo. Papam te vin kite leogane rantre potoprens nan kek ane apre li te vin rankontre avek manman mwen Marie Carmen Jean Luc nan ane 78. Yo te mete tet yo ansanm pou fonde yo froye epi vin fè nou 3 ti,oum yo ki se mwen menm Junior, Roseline epi Joachim. Youn Nan premye objektif papam se te toujou we nou fini lekol nou epi ale nan inivisite, pou sa li te konn fe anpil sakrifis nan domen travay li pou te kapab atenn objektif li te genyen pou nou. Nan bouske lavi pou bannou pen ladikasion li te menm rive manke pedi lavil sou chantye travay kote li te pran nan kouran otvoltaj men Bondye pat kite sa rive paske li potko fin konplike mision li pou nou. Pandan lavi tap ba l anpil brimad li pat janm dekourage epi li toujou kwè nan Bondye epi montre nou chimen legliz. Li te toujou kenbe fèm nan lapriyè. Nan Lane 2000 yo li te vin pesikite pa yon maladi men Bondye te toujou kanpe avèk li edel jwenn gerizon, Madanm li te toujou la pou li li pat janm dekourage li toujou edel nan lapriyè. Papam ale 86 lane li kite dèyè yon madanm ki te toujou la pou li 3 pitit epi 2 Pitit pitit Isaac ak Gaelle ke li te prè pou bay vi li pou yo.
Nan lane 2021 li te antre isit etazini epi sitiasyon politik peyi a te fè li rete isit. Malgre li pat Haiti li pat janm abandone Bondye li te toujou renmen ale legliz jiskaske li te rive malade imediatman aprè Manman mwen te fin pase yon mwa edemi. Papam te soufri maladi Izaymè nou fè prske yon lane ap moute desann lopital jiskake li rive etene lopital men pat gen two gwo lespwa. Depa Papam kite yon gwo vid nan mitan fanmi an ki isit e an Haiti. Papam se te alafwa yon Pè de fami responsab, yon Sipotè, yon komedien, yon konseye yon moun ki te toujou prè pou li ede lot moun avan li wè pwop tet li. Nan domèn profesionèl li fome anpil Jè nan domèn li te konn travay. Mekredi ki te premye avril la Papa l te chwazi dat po mete fin nan mision l sou tè sa men pou tout moun kite konn Papam lap toujou rete yon Ikon yon moun ke yo pap janm bliye pou sa li te rfeprezante. Papa ke nan m ou repoze an pè
Friday, April 10, 2026
9:00 - 10:00 am (Eastern time)
Chapel of Peace Springfield
Friday, April 10, 2026
12:00 - 12:30 pm (Eastern time)
Ferncliff Cemetery
Visits: 396
This site is protected by reCAPTCHA and the
Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Service map data © OpenStreetMap contributors